Tuesday, April 24, 2012

Obeyi, Kwè


Ala yon bèl jou jodi a ye!

Se pa ti kontan non m pa kontan jodi a. Mwen rejwi nan kè m e m ap di Bondye mèsi ki kenbe m fèm san m pa tonbe paske se pa tout moun ki t al dòmi nan kabann yo yèswa ki leve maten an. M ap priye pou m kontinye kenbe fèm nan Kris san lage jouk lavi m fini.

Lè m pran kalkile sou fason legliz mwen an Ayiti te konn chante Lè n ap mache ak Dye nan limyè Pawòl Li, m panse ak mo sa yo anpil e m di Bondye mèsi pou enstriksyon mo sa yo pote nan kè mwen. 

"Lè n ap mache ak Dye nan limyè Pawòl Li
Ki bèl glwa Li voye sou wout nou
Lè n ap fè volonte L, Li rete kote nou
E ak tout moun ki obeyi, kwè.
Obeyi, kwè, se tout sa pou nou fè
Pou nou kontan nan Jezu, se pou n obeyi, kwè."

Men, kisa menm pou nou obeyi a? 
Kisa pou n kwè a? 
Kisa menm ki responsabilite tout moun ki di y ap mache ak Bondye? 
Ak ki mezi Bondye sèvi pou L wè si tout bon vre n ap mache ak Li?

Ebyen, lespri fouyapòt mwen an voye m al li Miche 6:6-8 ki di konsa,

Kisa m a pote bay Senyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m a vin adore L? 
Eske m a pote pou li yon jenn ti towo bèf 
ki fèk gen ennan pou yo ka boule pou Li? 
Eske Senyè a ap kontan 
si m pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? 
Eske m a ofri premye pitit gason m nan 
pou peye pou sa m fè ki mal? 
Eske mwen ka pran fwi zantray mwen 
pou m bay pou kouvri peche mwen? 
Senyè a te montre w, monchè, tout sa ki byen. 
Tout sa Li mande w, 
se pou w fè sa ki dwat, 
se pou w renmen mizerikòd, 
se pou w mache san lògèy devan L.

Pwen final. 
Pa gen anyen ankò. 
Si se sa sèlman pou n fè, pou ki rezon nou konplike bagay yo konsa ak yon bann règ lezòm vin ajoute sou sa Bondye te bay? Petèt se rezon sa ki fè anpil moun rayi legliz ak moun k al legliz?

Responsabilite sa a Bondye bay la difisil anpil pou nou reyalize paske nou pa ka fè l pou kont nou. Men, ak gras Bondye, Kris te trase yon bèl wout devan nou ak san Li k te koule. Li peye dèt peche nou yo e L vin fè nou tounen zanmi L nèt al kole.  San rete, san kanpe, puisans Li kontinye transfòme nou detanzantan pou nou ka vin fè bon zèv ki devwale karaktè Bondye daprè sa Efezyen 2:8-10 di nou. 

Annou kontinye remèt lavi nou nan men L, annou kouri kite chemen kwochi, annou renmen mizerikòd e pratike kè sansib, annou mache san lògèy devan L, ann fè lwanj Li chak jou Bondye mete!

Tanpri, Papa, beni pitit ou yo jodi a e ankouraje nou anpil, anpil ak fòs lamou Ou. Ede nou tou pou n ka renmen W ak yon lamou ki sot byen fon nan kè nou dekwa pou nou ka mache byen dwat devan W e ba W glwa chak jou. Nan non Jezu, nou priye. Amen!

No comments:

Post a Comment