Tuesday, April 17, 2012

Goute Jezu


“Jezu bon, mwen santi L nan tout kò mwen, 
Jezu bon, mwen santi L nan tout zo mwen . . .”

Sa se te yon chan m te konn koute sou Radio Lumière lè m te timoun e jouk kounye a ti melodi sa a vin nan tèt mwen tanzantan.  M pa sonje ki gwoup evanjelik ki te konn chante l, men anpil fwa m poze tèt mwen kesyon eske tout bon nan tout aktivite m yo m aji daprè mo chan sa yo? Si Jezu bon tout bon, eske m pran tan m pou m goute L, pou m manje L, pou m leche bouch mwen,  pou m wè jan Li bon? Pawòl Bondye di nou konsa nan Sòm 34:8a, 

Goute, epi w a wè jan Senyè a bon.

Tout moun ki aprann fè manje nan peyi nou ka di yo pa ka fè manje san yo pa goute. Pou mwen, gen kèk fwa m tèlman goute manje a lè l fin kuit m pa grangou ankò.  Men m pran tout tan m anvan l kuit pou m wè si l gen sèl, si l gen bon gou, si l gen tout epis m vle yo paske m vle manje a bon.  Moun ki pa fè manje a epi ki vin goute l egzakteman anvan nou mete manje a sou tab, se moun sa a ki byen goute.   

Ebyen, Jezu se yon manje ki byen prepare; se sèlman vini goute L.  Lè m pran san m pou m kalkile sa k pase nan lavi m deja, mwen wè anpil fason Bondye montre m jan Li bon pou mwen.  Si pou m ta rakonte tout, m pa t ap janm ka fin ekri jodi a.  Men, m gen yon ti pòsyon m ta renmen pataje avèk nou.

Depi m te tou piti m te toujou anvi jwenn yon moun ki te ka tounen pi bon zanmi m.  Yon moun ki te ka konprann mwen tout bon, ki te ka aksepte m jan m ye a, ki te ka souri epi kriye avè m nan bon tan e nan move tan.  

Anpil fwa m jwenn kèk moun ki rive byen pre men lè m deside lage tout mwen nèt nan Bondye, se lè sa a m vin wè tout bon se sèl Jezu ki pi bon zanmi m vre.  Lè m santi m fin dekouraje nèt, se Li ki fè m reprann tout fòs mwen ankò.  

M sonje lè m te fèk antre nan Eastman School of Music, m te konn toujou ap panse se mwen ki pi mal nan tout tenò ki te la yo paske chak fwa te gen yon prezantasyon espesyal, se te lòt moun pwofesè yo te konn chwazi pou chante. M te konn dekouraje anpil.  Se nan epòk sa yo m te vin kòmanse ap memorize liv Kolosyen.  Chak vèsè m aprann nan liv la pran kè m epi l moulen l jouk li vin mou ase pou l resevwa verite Bondye te vle revele m nan. 

M te vin konprann e aksepte se sèl Jezu ki ka konprann mwen e renmen m tout bon, tout bon. 

"Pa gen yon lòt ki renmen m kon Li;
Li konnen tout sa ki nan kè mwen.
Pi bon zanmi mwen genyen se Jezu;
Pa gen yon lòt kon Li!"

Aprè 2 premye ane m yo nan Eastman, m te tèlman vin gen chans pou m chante, m te vin bouke chante pou tout aktivite k te genyen yo.  Epi nan fen ane akademik 2006-2007 la, m te vin resevwa premye pri nan tout etidyan doktora yo. M te vin wè vre se Jezu tout bon ki te ka fè sa pou mwen. 

Liv Kolosyen transfòme lavi m e kounye a se yon lòt moun nèt mwen ye. Mwen sispann chache yon pi bon zanmi sou latè. Kounye a sa m ap fè, se imite m vle imite Jezu dekwa pou m ka tounen yon bon zanmi ki ka mennen lòt moun vin pi pre Jezu.

Tanpri Papa, pa kite m bliye ti koze sa a -- Jezu se pi bon zanmi m te ka genyen. Ede m pou m goute L chak jou e wè kijan Li Bon!

No comments:

Post a Comment