Saturday, February 25, 2012

Devlope Sajès


Bonjou!

Ala yon jwa mwen gen nan kè m jodi a pou m koze avèk ou. M swete w santi w byen nan jounen sa a anba pwoteksyon Papa Bondye.
Youn nan bagay ki mete anpil rekonesans nan kè m pou manman m ak papa m se memorizasyon plizyè chapit nan liv sòm yo. Chak fwa m rive nan yon moman nan lavi m kote m anvi gaye pye m e kite wout Bondye trase devan m, sòm sa yo toujou pase nan tèt mwen e drese m byen dwat pou m tounen sou wout syèl la ankò. Tou dènyèman, genyen youn nan yo ki vin ap pase nan lespri m anpil, se sòm 90. M sonje jan m te konn resite l ansanm ak frè m ak sè m yo lakay la sitou lè nou pa t gen anpil tan devan nou pou devosyon.
Ebyen, sòm 90:12 di konsa,

Ansenye nou pou nou byen konte 
jou W ban nou yo pou n viv sou latè, 
dekwa pou n ka devlope sajès nan kè nou."  

Lè vèsè sa a byen antre nan tèt mwen, li fè m reflechi anpil sou lavi m depi m te tou piti rive kounye a.  Lè m te konn resite sòm 90 pakè, m te konn fè sa nan lang fransè.  Nan epòk sa a, sa k te vrèman enterese m se pou m te pwononse mo yo pi byen pase tout moun.  Aprè m te wè jan 2 bon zanmi m te vin mouri, sòm 90 te vin mete anpil perèz nan mwen paske m te vin konprann lavi nou kout anpil sou tè sa a. Men kounye a, m pa enterese ni nan pwononse mo yo byen, ni nan pè lanmò paske m vin reyalize Bondye gen yon objektif byen detèmine Li vle fè nou konprann -- kè Li dezire ban nou sajès
Sajès fè m konprann yon prensip Satan vle fè tout kretyen bliye.  Bondye te kreye nou pou tout letènite men lavi nou sou latè brèf paske se sa nou fè sou latè ki detèmine jan n pral viv nan letènite ak Kris.  M vin konprann chak aksyon m poze enfliyanse wayòm syèl la swa an byen ou an mal. Bondye fè m wè se gras Li fè m lè L pa kite m viv yon vi ki long tankou Methuselah paske peche m yo tèlman anpil nan trannsètan (37) sa m gen tan pase sou latè, m pa ka imajine ki gwosè montay peche m ta ka rive pou m ta viv plis pase 900 ane.  Sa vle di, chak pa mwen fè dwe reflete vizaj Jezu e chak sa m akonpli dwe sèvi tankou yon envestisman nan wayòm Bondye k ap vini an.  

Lè m chante, se pou m chante pou Li. 
Lè m sèvi ak lajan m bezwen mande tèt mwen eske se sa Bondye vle m fè ak kòb Li ban mwen an. 
Lè m bay blag, eske mo m ap di yo se mo k ap fè wayòm Bondye a pwogrese oubyen fè bak? 
Lè m sou entènèt, eske sa m fè yo ba L glwa oubyen non? 
Lè m kite bon opòtinite pase san m pa aji pou Kris, eske se pa gaspiyaj m ap fè ak jou L ban mwen yo? 
Lè m kite anpil tan pase san m pa envesti nan relasyon Bondye ban mwen yo, tankou fanmi ak zanmi, eske m vrèman montre inyon Bondye mande nou pou nou genyen?
Bondye di yon jou L ap mande n regleman sou jan nou travay. Ebyen, m ap ankouraje nou tout sou latè pou nou panse ak pawòl Li nan tout sa n ap fè

Ann viv ansanmm nan kominyon dou; ann mache nan limyè!